Istwa
THOMAS ISIDORE SANKARA
Thomas Sankara te pran tèt leta an 1983 nan yon koudeta militè ki te make yon vire total nan lavi politik Burkina Faso. Li te lanse yon seri refòm radikal ki te gen pou objektif kraze dominasyon neokolonyalis, elimine koripsyon, ak mete peyi a sou yon chimen devlopman endepandan. Li te mete aksan sou otosifizans alimantè, devlopman nan zòn riral yo, ak batay kont inegalite sosyal. Nan kad sa a, li te fè distribisyon tè bay peyizan yo, redwi salè manm gouvènman an, entèdi machin liksye pou ofisyèl leta yo epi ankouraje pwodwi lokal yo sou tout fòm.
Nan manda li a, Sankara te mete fanm yo nan kè revolisyon an. Li te ankouraje egalite ant sèks yo, entèdi maryaj fòse, pratik koutim dehumanizan, epi mete fanm nan pozisyon lidèchip. Gouvènman li a te lanse kanpay vaksen masiv pou elimine maladi tankou polyo ak malarya. Li te kreye pwogram alfabetizasyon, bati sant sante ak lekòl, e li te mete aksan sou edikasyon teknik pou jèn yo. Anba lidèchip li, Burkina Faso te vin tounen yon modèl chanjman pou anpil lòt peyi Afriken ki te toujou anba men sistèm kolon yo.
Thomas Sankara te asasinen sou pouvwa a nan lane 1987, pandan yon koudeta ki te mennen Blaise Compaoré, ansyen konpayon li, nan tèt peyi a. Lanmò li te boule yon chòk sou kontinan Afriken an e li te make fen yon epòk espwa ak rezistans kont sistèm eksplwatasyon entènasyonal yo. Men, memwa li pa janm mouri. Jodi a, figi li kontinye flote kòm yon senbòl rebelyon, diyite ak angajman san kondisyon pou libète. Thomas Sankara kite yon eritaj moral, politik ak sosyal ki kontinye enspire jenerasyon kap leve vwa yo kont enjistis.
Alkebulan: Non orijinèl ki pote memwa sakre limanite
Alkebulan, mo ansyen ki te sèvi pou idantifye kontinan Afrik la, se pa yon senp tèm jeyografik. Se non ki chaje ak chay istorik, mistik, espirityèl, sosyolojik ak etnolojik ki depase tout fòm limit yo mete sou ras ak nasyon. Nan epòk kote kolon te fòse lang yo, koutim yo, ak ideyoloji yo sou pèp Afriken, non Alkebulan te pèdi plas li nan diskou ofisyèl. Men verite a rete vivan: non sa a te yon siy idantite natif natal ki rakonte listwa orijin, relijyon, ak lavi sosyal anvan destriksyon ak dominasyon te komanse.
Sou plan sosyolojik, Alkebulan te reprezante estrikti orijinal kominote Afriken yo. Se non ki envoke modèl lavi kolektif, kote solidarite, pataj, ak senpati te konstwi sou baz fanmi elaji, tradisyon oral, ak respè pou granmoun ak zansèt. Nan Alkebulan, edikasyon pa t bay sèlman nan lekòl, men nan lakou, anba pye bwa, nan pawòl granmoun, nan chant, ak nan rit. Sosyalizasyon pa t chita sou konsomasyon, men sou relasyon, sou koneksyon ant moun, sou plas moun nan kominote li. Non Alkebulan pote tout sa: li se non yon lòd sosyal kote nèg pa t pèdi valè li.
Sou plan etnolojik, Alkebulan se non ki tache ak divèsite inegalab pèp ki soti nan kontinan Afrik la. Chak nasyon, chak tribi, chak lang, chak koutim te pote yon flanm idantite. Se nan Alkebulan te gen pèp Yoruba, Wolof, Manding, Zulu, Akan, Nubyen, Bantu, Kongo, San, ak anpil lòt ankò. Chak pèp sa yo te genyen sistèm gouvènans pa yo, lwa pa yo, vizyon pa yo sou lavi ak lanmò. Alkebulan se pa yon teritwa san figi, li se espas ki ranpli ak divèsite ki pa janm konfli, men ki konplete youn lòt nan balans natirèl.
Nan domèn mistik ak espirityèl, non Alkebulan te pote yon sans ki depase matyè. Se tè zansèt yo, se tè kote lanmò pa fin ak lavi, kote lespri pa pèdi men li tounen gid. Alkebulan te baze sou koneksyon ant vivan ak sa ki envizib. Nan chak rit, chak seremoni, chak dans sakre, non sa a t ap chante an silans, paske li te envoke fòs ki pa gen limit. Espirityalite Alkebulan pa t egzije entèmedyè, pa t mete pèp la anba lòd relijyon etranje, men li te mete moun fas ak tèt li, ak zansèt li, ak linivè. Relijyon pa t yon enpozisyon, men yon repons a mouvman linivès la.
Alkebulan, nan sans li pi fon, se pa sèlman yon non pou kontinan Afrik la — li se vibrasyon fondasyon limanite. Se li ki te pote premye batman kè fanm ak gason sou tè sa a. Se li ki te bay premye pawòl, premye kreyasyon, premye lwa. Se li ki te pote premye batay ak premye lapè. Non sa a se pa memwa pèp, men memwa tout limanite. Li pa t bezwen kat pou l egziste, li t ap viv nan tanp memwa, nan souf lavi, nan son flanm zansèt yo. Alkebulan se fwi rasin ki pa janm cheche, menm lè l pa t pale.
Rekonekte ak non Alkebulan se pa yon retou sou tan lontan, men se retou sou sa ki fon nan tèt moun: rekonesans tèt ou, rasin ou, diyite ou. Se refize defini tèt ou pa non lòt pèp mete sou ou. Se refize pèdi pawòl ou, non ou, dye ou, valè ou. Se leve non ou kote li te tonbe, epi mete l sou tèt ou kòm kouwòn. Paske Alkebulan pa sèlman te non yon kontinan: li se non nou tout lè nou sonje kote nou soti, e nou refize pèdi sa nou ye.
ASASINAY PREZIDAN JOVENEL MOÏSE
Nan lannuit 6 pou rive 7 jiyè 2021, Ayiti te leve sou yon nouvèl ki te chok tout peyi a ak rès mond lan : Prezidan Jovenel Moïse te asasinen lakay li, nan Pèlerin 5, Petion-Ville. Zak sa a pa t yon aksidan, li pa t yon zak izole : li te fèt ak premeditasyon, pa yon ekip militè etranje, epi li mete Ayiti devan youn nan kriz ki pi grav li te janm konnen. Daprè otorite yo, asasina a te fèt pa yon gwoup dominatman Colombien ki te aji sou baz yon plan ki te fin prepare depi lontan. Etonamman, pandan tout operasyon an, okenn manm ekip sekirite prezidansyèl la pa t blese. Sa lakoz anpil moun panse konplo sa te gen konplisite entèn, kit se andedan sekirite Leta a, kit se nan sèk politik oswa ekonomik peyi a.
Asasina sa a pa sèlman elimine yon chèf Leta ; li mete an limyè feblès estrikti sekirite peyi a, feblès enstitisyon yo, ak efondreman total eta de dwa ann Ayiti. Jovenel Moïse te deja yon prezidan kontwovèsyal, ak yon manda ki te sou diskisyon, pandan li te ap fè fas ak anpil kritik sou jan li te jere pouvwa a, sitou konsènan enterè oligarşi yo, ensekirite a, ak dominasyon gang. Men, menm opozan li yo te sezi e bouleversé pa jan li te mouri, paske asasina sa a pa t jis yon zak kont Jovenel, li te reprezante yon atak frontal sou tèt Leta a, sou souverènte Ayiti, e sou tout lide demokrasi.
Soti nan jou asasina a rive jounen jodi a, pa gen okenn jijman ki fèt ann Ayiti sou dosye a. Plizyè jij enstriksyon mete sou dosye a demisyone poutèt menas, entimidasyon, ak vyolans. Dapre rapò laprès, anviwon 50 moun te arete, ladan yo Colombien, Ayisyano-Ameriken, ansyen politisyen, ak ajan sekirite. Pami yo genyen madanm ansyen prezidan an, Martine Moïse, ansyen Premye Minis Claude Joseph, ak ansyen chèf CSPJ a, Joseph Mécène Jean-Louis. Tout moun sa yo te site kòm sispèk oswa patisipe nan siksesyon politik ki te swiv asasina a. Sa ki pi grav se ke malgre tout bri, tout arestasyon, jistis ayisyèn pa janm rive mete klè sou sa ki pase a.
Nan dat 7 dawout 1960, peyi Côte d'Ivoire (Ke d’Ivwa) te pran yon pa enpòtan nan listwa li lè li te deklare endepandans li ofisyèlman anba dominasyon kolonyal Lafrans. Jiska lè sa a, peyi a te yon pati nan ansyen "Afrique-Occidentale française" (AOF), yon seri koloni Lafrans te posede nan pati lwès afrik la.
Batay pou libète ak otodetèminasyon sa a te jwenn direksyon li ak vizyon li atravè lidè karismatik Félix Houphouët-Boigny, ki te yon aktè politik enpòtan, e ki te jwe yon wòl konbyen enpòtan nan dekolonizasyon Afrik la. Houphouët-Boigny te mete aksan sou negosyasyon ak dyalòg ak Lafrans, olye fè lagè, tankou sa te fèt nan lòt peyi tankou Algérie. Apwòch sa a te pèmèt Côte d'Ivoire jwenn endepandans li san yo pat arive fè san koule.
Aprè deklarasyon endepandans lan, Houphouët-Boigny te vin premye Prezidan Repiblik la e li te rete sou pouvwa pandan plis pase 30 lanne. Gouvènman li an te lanse plizyè refòm tankou ekonomik ak sosyal, mete aksan sou agrikilti (tankou kafe ak kakawo), modènizasyon, ak estabilite politik. Anpil obsèvatè te rele Côte d'Ivoire "mirak ivwaryen" pandan premye deseni endepandans lan, akoz kwasans ekonomik li.
Endepandans 7 dawout la pat sèlman senbolize yon zak koupe fache ak kolonizasyon, men li te make tou nesans yon nasyon ki deside pran lavni li an men, bati estrikti li yo, epi chèche plas li nan kominote entènasyonal la. Peyi a te rantre nan "Organisation des Nations Unies" (ONU) menm ane a epi l te vin manm "Organisation de l'Union Africaine" (OUA) ki se predesesè "Union Africaine".
Fèt nasyonal sa a selebre chak ane ak defile militè, diskou ofisyèl, ak aktivite kiltirèl pou mete aksan sou souvrennte, inite nasyonal, ak memwa istorik pèp la. Jodi a, 7 dawout vin tounen yon dat ki pa janm pèdi valè li nan lespri tout Iwaryen, kòm siy viktwa, diyite ak espwa pou jenerasyon kap vini yo.
Nan dat 8 Dawout 1967, senk peyi nan Azi Sidès yo te siyen yon dokiman istorik yo rele Bangkok Declaration, ki make nesans Association of Southeast Asian Nations (ASEAN). Rankont sa a te fèt nan Bangkok, kapital peyi Thailand, epi li te rasanble reprezantan Filipin, Endonezi, Malezi, Singapore ak Thailand.
Deklarasyon sa a te siyen nan yon kontèks mondyal kote Lagè Fwad la t ap enfliyanse anpil rejyon, epi kote nasyon yo t ap chèche mwayen pou asire estabilite, devlopman ekonomik, ak kolaborasyon rejyonal san yo pa tonbe anba dominasyon okenn gwo pouvwa. Objektif prensipal li te pou ranfòse konfyans mityèl, amelyore koperasyon ekonomik ak sosyal, epi ankouraje lapè nan rejyon an.
Bangkok Declaration la pa t sèlman yon dokiman politik ; li te vin tounen yon baz fondamantal pou relasyon diplomatik nan Azi Sidès. Peyi manm yo te dakò pou respekte prensip souverènte, entegrite teritoryal, egalite, ak non-entèvansyon nan zafè entèn chak eta. Sa te kreye yon kad solid pou evite konfli epi rezoud diferans yo atravè dyalòg.
Depi lè sa a, ASEAN te grandi pou l enkli dis peyi manm, e li tounen youn nan òganizasyon rejyonal ki pi enfliyan nan mond lan, ki gen enpak nan ekonomi, sekirite, ak zafè kiltirèl. Chak ane, 8 Dawout make kòm ASEAN Day, yon okazyon pou selebre inite ak divèsite nan mitan pèp yo.
Dat sa a rete yon siy nan listwa mondyal kote senk nasyon te mete diferans yo sou kote pou chèche lapè, devlopman ak koperasyon, e Bangkok Declaration la kontinye sèvi kòm pilye vizyon ASEAN jiska jounen jodi a.